Vyolans k’ap fèt sou fanm

Jounen 25 novanm lan, plizyè dizèn fanm rasanble an foul nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan Lakay (MPP) pou make jounen mondyal “ kont vyolans sou fanm ak ti fi”.

Nan okazyon jounen mondyal kont vyolans sou fanm ak ti fi a, fanm MPP rasanble pou yo reflechi sou plizyè pwoblèm sosyal fanm yo ap konnen. "Vyolans k’ap fèt sou fanm" se yon fenomèn ke nou wè toupatou nan mond lan, men li pi rèd nan peyi ki pa devlope yo (peyi pòv yo).

Nan lane 2013, nasyonzini fè soti yon rapò kote yo montre 70% fanm viktim/sibi vyolans nan lavi yo. Selon ankèt yo senk san mil (500000) jiska 2 milyon moun (fanm) ap sibi vyolans anba move trètman tankou: pwostitisyon, travay fòse, esklav, restavè elatriye. Selon remak yo fè, yo dekouvri fanm ak ti fi yo reprezante anviwon katreven (80%) nan viktim yo.

Kòdonatris adjwen seksyon edikasyon MPP a, Jeunevieuve BANATTE, nan diskou sikonstans lan te fè istwa plizyè fòm vyolans fanm yo ap sibi. Pou li menm, fenomèn sa a kòmanse depi nan sosyete feyodal la. Li pwofite sansibilize pou mande fanm yo pran responsabilite yo epi lite kont tout fòm vyolans k’ap fèt sou yo. Pou rive fè sa, fòk mobilizasyon an kontinye, li pa dwe kanpe nan wout.

Kèk lòt fanm te pran lapawòl epi pale sou travay yo di ki travay fanm ak gason ki pafwa konsidere kòm sous vyolans ak diskriminasyon kont egalite ant fanm ak gason.
Pou fini, yo fè konprann MPP chita sou twa (3) wòch dife (pilye) ki se: fanm, gason, jèn.

Wè tou