Semèn sa a, soti 12 pou rive 15 fevriye 2013, tout manb gwoup koral Ibolele yo, yon gwoup kiltirèl ki andedan MPP te prezan nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan Lakay pou swiv yon semèn fòmasyon sou dans, epi fè repetisyon sou koyegrafi yo.
Bò 6è nan maten, epi pandan tout jounen an moun k’ap danse yo te antrene ak anpil fòs pou byen prepare pou jou kongrè a kote yo pral fè pati animasyon yo pou byen fete 40 lane MPP yo.