Rankont 570 animatè ak animatris nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan (Lakay) soti mèkredi 18 mas pou rive vandredi 20 mas 2015 lan.

Direksyon Mouvman Peyizan Papay (MPP) envite tout ansyen/ansyèn ak nouvo animatè/animatris ki te resevwa fòmasyon animasyon pou chanjman sosyal nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan (Lakay), ni animatè ak animatris ki te pran premye faz fòmasyon an, ni sa yo ki te gradye depi lontan nan domèn nan. Rankont sa a te fèt jounen mèkredi 18 jiska vandredi 20 mas 2015 lan, pandan 3 jou yo te reyini enviwon 600 moun. Konsa te genyen moun nan tout 10 depatman jewografik peyi a ki te prezan nan gwo woumble sa a tankou: depatman Nò, Nòdès, Nòdwès, Sid, Sidès, Lwès Latibonit, Grandans, Nip ak Sant.


Objektif gwo woumble sa a

Se rive rasanble tout animatè/tris ki te fòme nan sant lakay MPP depi 1975 yo pou rive ane 2015 lan, gade ansanm ki travay yo fè nan zòn kote yap viv pandan plizyè ane, epi kòm se divès pwomosyon yo ye, se yon moman espesyal pou rasanble tout animatè/tris ansanm pou yonn rive konnen lòt ti kras epi kontinye angaje yo nan lit pou chanjman sosyal la paske yo fòme pou defann menm koz.

Se pèmèt tout ansyen ak nouvo animatè/tris sa yo rive konnen epi konprann kisa pwojè peyizan an ye. Epi kòman yo kapab pote pwojè peyizan an nan zòn, komin, kominote ak lokalite kote yap viv.

Nan okazyon gwo woumble sa a, te genyen prezans plizyè gwo entèvenan tankou: Senatè Jean Williams JEANTY, Jean Claude CHERUBIN, Yanick GUITEAU DAUDIN, Marie Danille CAMEAU...Espesyalman Jean Claude CHERUBIN, se yon politològ, li se manb direksyon ekzekitiv nasyonal KONTRAPEPLA ki prezante yon tèm ki fò anpil epi ki enpòtan pou tout animatè/animatris kap batay nan lit pou chanjman sosyal la, tèm sa a rele “Pwojè Peyizan”.

Jean-Claude Cherubin te komanse diskou li konsa : ki sa yon peyizan ye? «peyizan se yon moun ki ekzèse metye li kòm agrikiltè epi li viv andeyò oubyen peyizan se yon moun ki genyen yon relasyon dirèk ak tè a epi li kapab adopte oubyen sibi yon ekonomi pou’l viv.» Moun yo ki rete nan vil la gen yon lòt konsepsyon, yo konsidere peyizan tankou gwo soulye, gwo zòtèy epi nèg mòn. Se rezon sa a ki pouse KONTRAPEPLA vin prezante pwojè sa a.

Pwojè peyizan se yon pwojè ki te egziste nan sosyete primitiv la, ki te pèmèt moun yo viv byen, viv ansanm nan yon sosyete pataj. Malgre sistèm kapitalis la detwi sosyete sa a KONTRAPEPLA vle reyabilite yon modèl sosyete ki baze sou solidarite, sou viv ansanm, viv anpè, kote tout moun jwenn edikasyon ak lasante. Plis pase 80% manje moun kap viv an Ayiti manje soti nan lòt peyi. Nou pa ta dwe depan de lot peyi sou kesyon souverènte alimentè. Pwojè peyizan se yon pwojè sosyalis ki anti-kapitalis, ki kont eksplwatasyon moun ak moun, li pa achete ni vann fòs kouraj moun, objektif li se pa fè pwofi, se pwodwi selon bezwen popilasyon an. Se yon pwojè tou ekolojik, ki respekte anviwònman ki gen yon ekilib ant tè a, moun ak bèt yo. Li te ajoute ke pwojè sa a, Kontrapepla sèlman pap ka pote li nan tout integralite li, li bezwen kolaborasyon tout moun, ni sa ki konsyan mòd sitiyasyon yap viv la pa bon, ni lòt ki gen mwayen pou viv. Lè li te fini prezante pwojè a, li te reponn sou tout kesyon patisipan yo te poze’l.

Ki wòl yon animatè/animatris nan zòn kote l’ap viv?

Wòl yon animatè/tris nan zòn kote l’ap viv la: se rive fè yon kanpay sansibilizasyon pou moun kap viv nan zòn nan (Fanm, Jèn ak Gason), ede leve nivo konsyans moun nan zòn nan de sitiyasyon yap viv epi fè edikasyon popilè pou aprann yo konnen manje vant plen pa vle di byen manje pou sa. Malgre se pa yon bagay ki fasil konsa tou li pa enposib. Donk, yon animatè/tris dwe jwe wòl akonpayatè/tris pou akonpaye peyizan yo nan tout dimansyon ekonomik, sosyal ak kiltirèl.

Aprè tout deba ki te fèt sou tèm «pwojè peyizan an», yo te fòme plizyè gwoup atelye travay pa depatman pou ale travay sou tèm sa a, kote chak gwoup pral reflechi ansanm sou « kòman yo pral pote pwojè peyizan an nan zòn lakay yo daprè tout sa yo te aprann de tèm lan nan moman an ».

Wè tou