Papay 20 Mas 2021

Papay 20 Mas 2021

KONSTA JENERAL
Nou menm 140 delege peyizan fanm ak gason ki soti nan 10 depatman jeyografik peyi a, nou te chita nan Sant Lakay nan Papay soti 18 rive 20 Mas 2021 nan KÒLÒK NASYONAL KONT DAPPIYANP SOU TÈ ak eslogan : TÈ AGRIKÒL SE POU PEYIZAN KAP TRAVAY TÈ.

Nan kòlòk sa nou te reflechi sou desizyon peyi enperyalis yo te pran nan woumble ki te fèt nan konferans Rio + 20 nan ane 2012 nan vil Rio, peyi Brezil. Nan woumble sa yo te monte yon plan yo rele ekonomi vèt kòm estrateji pou sistèm kapitalis la chèche soti nan pakèt kriz li kreye kap sakaje sistèm lan. Nou te wè ekonomi vèt la se dappiyanp sou tout resous natirèl yo pou sove sistèm kapitalis la kap detri planèt la.

Ekonomi vèt la se yon plan pou fè dappiyanp sou tout byen planèt la ki fèt pou osèvis tout moun tankou : tè, dlo, forè yo, min yo ki ta dwe rete nan vant tè a. Nan ekzekisyon plan sa miltinasyonal yo ansanm ak boujwa machann peyi yo vare sou tè, sou dlo, sou min, sou forè nan peyi yo fè pòv yo pou yo kapab fè milya sou milya dola pandan yap detri planèt la, kontribye a rechòfman klimatik la.

Nan peyi d Ayiti nou konprann se depi okipasyon meriken yap chase peyizan sou tè yo, fè yo kite lakay yo, kite peyi a. Okipasyon meriken an te kraze òganizasyon peyizan, kraze rezistans peyizan yo. Sa pran anpil tan anvan peyizan yo rekòmanse òganize yo nan ane 70 yo.

Nou rive konprann dappiyanp kap fèt sou tè nan peyi d Ayiti a antre nan yon gwo konplo sistèm kapitalis la pou elimine klas peyizan an ak sistèm agrikilti peyizan yo pou fè plas a agrikilti endistriyèl la kap detri anviwònman an, detri lavi moun pou fè lajan. Sistèm lan vle wete tè nan men peyizan bay zotobre nan pouvwa PHTK a, nan oligachi piyajè a ak miltinasyonal yo. Se yon nouvo fòm kolonizasyon yap tabli nan peyi a. Peyizan dwe tounen ouvriye agrikòl ak ouvriye nan faktori soutretans. Nap goumen kont konplo sa ak tout fòs nou.
Nou konprann rejim PHTK a se yon rejim kriminèl, yon rejim anti peyizan, anti nasyonal ki pase yon vitès siperyè nan vòlè tè nan men fanmiy peyizan yo atravè katèl majistra PHTK yo, depite ak senatè PHTK, atravè konmisè gouvènman PHTK, atravè zotobre palè jis rive nan fanmiy Jovenel ki nan fè dappiyanp sou tè peyizan yo nan Nòdès, nan Nòdwès atravè gang bandi otorite PHTK yo monte pou atake peyizan.

Nou konstate nan temwayaj delege yo ki soti nan 10 depatman jeyografik peyi a, ki kalvè fanmiy peyizan yo ap monte nan tout kwen peyi a anba gang vòlè tè ki piye byen fanmiy peyizan yo, maltrete yo, touye yo, fè yo pati kite zòn yo. Nap raple masak Janrabèl,Danti,Pyat , Jevè ak anpil lòt kote nan Latibonit ak tout lòt kote nan peyi a. Nap di Sa kap pase sou fèm Papay, sa ki pase nan Tèrye wouj ak anpil zòn nan Nòdès la, nan Savann dyann revòltan, inakseptab. Delege Kòlòk la ekzije arestasyon tout vòlè yo ak reparasyon pou viktim yo.

Nou sèten peyizan yo pap janm jwenn jisitis tout tan Jovenel kontinye okipe palè a men nap kontinye lit la jis nan viktwa final. Viktwa final la se pou tout tè agrikòl nan men peyizan kap travay tè. Viktwa final la se yon refòm agrè entegral. Viktwa final la se fè Ayiti tounen nan agrikilti peyizan agwoekolojik pou Ayiti reprann souvrènnte alimantè li, pou Ayiti kapab jwenn manje ki sen epi jwenn diplis pou vann lòt Pèp nan rejyon an.

Nap raple, selon atik 39 konstitisyon 87 la : Premye moun ki gen dwa travay tè Leta se moun ki rete nan seksyon kominal kotè tè sa yo ye. Atik 248 la mande pou Leta mete kanpe yon biwo espesyal ki rele Biwo Pwogram Leta pou regle pwoblèm tè nan enterè moun kap travay tè e atik 249 la mande pou leta mete tout sa ki nesesè anplas pou tè peyi a rive bay bon randman. Mete teknisyen nan komin yo pou ede peyizan jwenn tout konkou yo bezwen ni pou yo travay tè a ni lajan yo bezwen. Atik sa yo pa janm ekziste pou gouvènman yo depi ekzistans konstitisyon an. Sa pi rèd sou gouvènman PHTK yo ki vle fini ak klas peyizan an.

Nan konklizyon kòlòk la, nou pran rezolisyon sa yo :

1 – Nap monte brigad vijilans, nap itilize tout mwayen nou genyen pou chase gang ki vin vòlè tè nou, vòlè manje nan jaden nou, vòlè bèt nou yo, kraze kay nou, touye nou. Nap òganize nou pou defann tèt nou, defann byen nou. Oto defans se yon dwa sakre.

2 – Nap mete kanpe yon rezo depi seksyon kominal yo jis rive onivo nasyonal pou ede tout peyizan konnen dwa yo, defann dwa yo sou tè yo. Nou pral rele chalbari dèyè vòlè tè tout kote yo atake peyizan sou tè agrikòl yo.

3 – Nou pral reprann kòlòk sa nan komin yo, rejyon yo ak depatman yo pou ede peyizan yo pran konsyans pwoblèm lan, pou yo òganize yo pou defann tè yo. Nou pral fè fòmasyon sou pwoblematik tè ak min nan peyi a. Batay sa se batay ouvriye nan faktori yo ak tout mas popilè yo.

4 – Nou pral mete kanpe rezo kominikasyon nan tout nivo pou nou konnen sa kap pase nan zafè vòlè tè onivo nasyonal ak entènasyonal.

5 – Monte rezo solidarite onivo nasyonal ak entènasyonal pou konbat vòlè tè, pou ede moun ki viktim anba zak vòlè yo. Lapenn yon kongo se pou tout kongo.

6 – Chèche avoka onèt nan tout depatman yo pou ede nou nan batay nap mennen nan tribinal yo pou defann dwa nou sou tè nou menm lè nou konnen jistis la pouri.

7 – Oganizasyon peyizan yo dwe antre nan travay mobilizasyon pou bare referandòm ak eleksyon Jovenel vle fè pou kenbe rejim restavèk, rejim piyajè PHTK a sou fyèl Pèp la. Pa gen ni chanjman konstitisyon ni eleksyon ki kapab fèt ak yon apranti diktatè ki rele Jovenel.

8 – Pou dwa peyizan yo sou tè, dwa peyizan yo pou lavi respekte se rejim PHTK a ki dwe kaba. Nap angaje nou nan mobilizasyon san pran souf jis nou chase Jovenel nan palè a paske manda l fini depi 7 fevriye 2021. Nou pap aksepte okenn diktati ankò sou tè papa Desalin lan.
Nap fini pou di :

TÈ AGRIKOL SE POU PEYIZAN KAP TRAVAY TE.

LIBÈTE OU LANMÒ.

Wè tou