MPP ap lite pou bagay sa yo:
- Edikasyon ak fòmasyon peyizan yo, pou fè yo konprann se yo ki dwe pran desten yo an men. Yo dwe òganize yo pou chanje fason y’ap viv la.
- Bon jan refòm agrè pou peyizan yo gen tè ak bon sekirite sou tè y’ap travay yo. Jwenn kredi agrikòl nan yon pousantaj ki pa wo, jwenn asistans teknik nan men leta, jwenn mache pou pèmèt peyizan yo vann pwodwi yo epi jwenn asirans sou rekòt yo.
- Pou fanm ak gason gen menm dwa nan yon sosyete jis epi tout tout moun ap viv ansanm.
Fè pwomosyon pou kilti lakay, defann enterè peyizan yo, pote kole ak lòt òganizasyon peyizàn ki andedan peyi a tankou etranje k’ap defann peyizan pòv malere yo nan tout mond lan.