JOUNEN ENTÈNASYONAL DWA FANM /SANT LAKAY/MPP

Nan okazyon 8 Mas, jounen entenasyonal dwa fanm yo anviwon 250 fanm ak gason ki soti nan tout 12 komin nan Depatman Sant lan reyini nan Sant Lakay vin patisipe nan gwo jounen refleksyon sou kesyon respe dwa Jounen sa batize sou tèm sa: “ Jounen Mobilizasyon pou dwa fanm respekte”. Nan Jounen sa gen plizyè tèm kap trete tankou:

• Ki kote 8 Mas la soti?
• Dwa sivil ak politik fanm yo
• Dwa pou fanm viv an santé
• Yon refleksyon sou sityasyon peyi a

Pandan jounen sa patisipan yo pral travay nan atelye sou sityasyon yap travèse a, ki sa ka fèt pou soti nan sa nou ye a? Gade ki gwose barank ki egziste ant fason yap viv ak fason yo ta dwe byen viv jan mound we viv.

Nan sityasyon difisil nap viv jounen jodya nou konstate SI FANM YO PA PARÈT NAP DISPARÈT. Pou nou parèt fòk nou pran konsyans de eta nou, fason nap viv kòm moun, fason nap edike timoun nou yo, fason nap trete anviwònman nou an elatriye. Toutotan kondisyon lavi nou pa chanje pou nou sispann viv tankou bèt men viv tankou moun ebyen nou pap janm paret tout bon vre.

Jounen sa ap pran fen ak deklarasyon final kap fèt ak jounalis ki prezan nan aktivite sa.

Deklarasyon final

“MOBILIZASYON POU DWA FANM RESPEKTE” se sou tèm sa nan okazyon 8 Mas 2020 an ki se jounen entènasyonal dwa fanm yo, 250 delege fanm ak gason ki soti nan 12 Komin ak 35 seksyon kominal Depatman Sant lan,chita nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan Lakay pou nou reflechi ansanm sou lit fanm yo ak move lavi yap viv sou plan ekonomik, politik, sosyal, kiltirèl ak anviwònmantal peyi dayiti an jeneral ak move sitiyasyon fanm nan milye riral yo ap viv chak jou. Nan jounen sa a, nou reflechi sou plizyè tèm tankou:

• Orijin ak sans 8 Mas la genyen
• Dwa politik ak dwa sivil fanm yo dwe jwi
• Dwa pou fanm viv an bon sante
• Refleksyon sou sityasyon politik peyi a

Nan chita brase lide nou konstate sa kap pase nan zòn yo ak nan tout kominote yo bay gwo tèt chaje paske tout sa nou te konn tande nan nouvèl, gade nan televizyon se yo kap pase devan je nou jodi a:

• Anpil ensekirite fè genyen gwo zak vyolans, vyòl sou fanm ak tifi, vòlè afè
moun, kidnaping.
• Dwa fanm yo pa respekte menm a 50% pliske gen anpil enpinite epi lajistis
kontinye ap vann nan ti gode.
• Atis yo kontinye ap devalorize fanm yo atravè mòd mizik yap pwodwi
tankou: rabòday ak lòt rit.
• Gwo epidemi maladi ap taye banda (gratèl ak grip)
• Fanm yo kontinye ap sibi tout kalite imilyasyon ak diskriminasyon
• Nou pa jwenn bon jan swen santé, sèvis sa tounen yon liks
• Nou kontinye pa gen aksè ak sèvis sosyo de baz yo
• Gen anpil egzòd riral ak migrasyon, fanm yo kite zòn yo paske gen anpil
grangou ki rann anpil nan timoun yo fè malnitrisyon
• Mizè a rèd toupatou nan vil tankou andeyò
• Nan peryòd eleksyon mesye yo vòlè pouvwa nan men fanm yo.
• Gen gwo pwoblèm nan sistèm edikasyon an sa koz gen grèv tout tan,
pwofesè yo pa vin travay, timoun nou yo manke travay.

Pandan rejim PHTK a, fanm yo konnen tout kalite enjistis. Sityasyon lavi a vin pi konplike. Fanm yo menm deklare pouvwa tèt kale a pi rèd pase sa ki te la avan yo. Pouvwa sa a se yon veritab lanfè paske yo jwenn gen plis ka vyolans ak ensekirite tankou:

• Bandi ak kidnapè anvayi tout ti kwen nan peyi a sa koz anpil zak vyolans
seksyèl, emosyonèl ak fizik.
• Lavi chè a ap fè ravaj, goud la kontinye ap pèdi valè, pa gen ase pwodiksyon ki pou pwoteje lajan peyi a pandan leta pa fè anyen pou regilarize sityasyon an. Vyolans ekonomik lan vin pi rèd
• Lavi fanm yo vin pi an danje paske yap sibi vyolans sou tout fòm, anpil grangou, pitit yo paka ale lekòl, pri kay monte tèt nèg, plis fanm kontinye ap mouri nan fè pitit, fanm yo paka jwenn travay e sa ki jwenn yo oblije negosye kò yo menm si yo pa gen kapasite pou fè travay la
• Elvaj lib lakòz fòs kouraj fanm yo gaspiye paske lwa yo pa aplike
• Fanm yo pa gen pouvwa pou defann tèt yo epi lajistis pa defann yo lè yo nan sistyasyon difisil.
• Sou pouvwa PHTK a komèsant yo, madan sara yo sibi anpil pèt paske sou rejim sa a anpil mache brile ak anpil machandiz yo

Devan sityasyon sa a, men ki sa nou pwopoze:

  1. Leta dwe degaje l jan konnen pou frennen tout zak ensekirite kap ravaje peyi a
  2. Leta dwe degaje l jan l konnen pou nou gen plis pwodiksyon nan peyi a pou frennen envazyon pwodwi pèpè epi pou lajan peyi a ka reprann valè li
  3. Fanm yo dwe òganize yo, fè pledwaye pou leta aplike lwa pou anpeche difizyon tout mizik ak imaj kap devarize fanm
  4. Fanm ak gason dwe makònen fòs yo ansanm pou chanje move sityasyon yap viv la
  5. Nou dwe mennen tout kalite lit pou frennen tout fòm koripsyon ak gaspiyaj kap fèt nan resous peyi a
  6. Fòk nou pran konsyans de sityasyon nap viv la epi fè mobilizasyon san pran souf
  7. Tout òganizasyon andedan peyi a dwe fè yon chèn solidarite pou goumen ansanm pou n chanje fòm leta sa pou nou gen yon leta kap defann enterè tout moun epi pou nou gen yon peyi kote tout sitwayen ak sitwayèn jwi tout dwa yo
  8. Chak moun dwe pran konsyans sou eta yap viv la pou nou chanje sityasyon nou epi valorize lavi moun.

Sityasyon fanm yo pap chanje si pa gen yon mobilizasyon jeneral ki fèt ak tout kouch nan nan popilasyon an men fanm ki nan tout sektè yo an patikilye pou retire peyi a anba siklòn TÈT KALE a ki fin dechèpiye peyi a.

Viv Lit Fanm yo!

Òganizasyon ou Lanmò!

Wè tou