Istwa MPP

MPP pran nesans nan papay 3èm seksyon kominal nan komin Ench, 20 mas 1973. Mouvman Peyizan Papay (MPP) se yon òganizasyon peyizàn ki la pou rasanble tout peyizan ayisyen, tout jèn travayè andeyò òganize yo andedan gwoupman fè yo renmen kilti yo epi fè yo pwodwi richès.


Nan lane 1970, yon Pè ki rele JOSEPH Bergmans ki soti nan peyi Bèljik fonde nan papay, dyosèz Ench CICAP (Sant Inisyasyon Katechis Agrikòl Papay). Nan lane 1973, Chavannes JEAN BAPTISTE responsab zafè agrikilti ak edikasyon fanmiy yo, sa pouse li nan eksperyans òganizasyon peyizàn. Li te kòmanse avèk 2 gwoupman peyizan ki pral tounen 39 gwoupman nan lane 1975.

Avèk fòmasyon nouvo gwoupman sa yo, li te chache amelyore metòd Òganizasyon peyizàn epi fòme moun pou yo kapab al fòme nouvo gwoupman sa yo. Se sa ki pral bay nesans nan lane 1976, yon pwogram fòmasyon kad animatè ak animatris epi ki pral vin pran non Mouvman Peyizan Papay (MPP).

Nan lane 1976 – yo mete kanpe yon koperativ epay ak kredi ki rele: Sere Pou Chofe (SPC).

Nan lane 1978 – yo kreye yon lòt koperativ ak plizyè sektè ki rele KOSMIKA (Konbit Sèvo Men ak Kè Ansanm). Koperativ sa a kòmanse aktivite sa yo ak 3 sektè yo:

  • Yo estoke epi yo fè komès ak pwodwi peyizan yo sitou (mayi, pitimi, pwa).
  • Yo mete yon magazen entran ki gen ladan’l zouti agrikòl tankou: wou, manchèt, pèl, pikwa, semans, pestisid natirèl.
  • Yo bay kredi agrikòl a peyizan yo.



Nan lane 1979 – yo kreye mouvman Jèn Travayè Peyizan ki rele “JTP” avèk fòmasyon yon premye gwoupman jèn. Mouvman jèn nan genyen 3 etap andedan li:

  • PPJTP: Pre-Pepinyè Jèn Travayè Peyizan, ladan’l w’ap jwenn timoun ki nan laj 5-10 ane.
  • PJTP: Pepinyè Jèn Travayè Peyizan, ladan’l nou jwenn timoun ki nan laj 10-15 ane.
  • JTP: ki se Jèn Travayè Peyizan, ou jwenn ladan’l moun ki genyen 15 ane a kontinye



Nan lane 1981 – vin genyen mouvman fanm MPP, yon premye gwoupman fanm vin fòme. Objektif mouvman fanm lan se: defann dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl fanm yo an jeneral epi fanm peyizan yo an patikilye, fè pwomosyon pou egalite fanm ak gason epi lite pou konbat tout fòm vyolans k’ap fèt sou fanm.

Se gason yo, fanm yo, jèn yo ki konpoze Mouvman Peyizan Papay (MPP) epi yo pa ka separe.

Andedan lane 1990, MPP jwenn rekonesans legal. Rekonesans sa a pibliye nan jounal ofisyèl peyi a (Monitè) nan nimewo 83-B nan dat 24 sektanm 1990.

Kounye a, Mouvman Peyizan Papay (MPP) genyen anviwon 4184 gwoupman (gason, fanm, miks, jèn) nan plato santral la epi ki bay yon total 53680 manb ki gen rekonesans legal.

Wè tou