Gwo istwa fanm yo nan MPP

2 premye gwoupman Mouvman Peyizan Papay (MPP) la fonde nan lane 1973 ki te genyen 35 moun men pat genyen menm yon fanm. Men nan lane 1975, yon fanm lospalis ki rele: Madam Ganye (Rosita Sylvain) deside patisipe nan reyinyon yon gwoup ki rele “Lapasyans”. Te genyen 13 moun nan gwoup la se sèl Rosita ki te fanm.


Kòmasnman yo te difisil

De tanzantan vin gen yon fanm k’ap antre nan chak gwoupman. Gason yo enskri yo pou yo vin al bwote dlo, fè manje pou yo nan jaden gwoupman an. Li patisipe nan tout reyinyon gwoupman an men l pa kapab pran la pawòl.
Fondatè MPP a lanse yon kanpay sansibilizasyon pou fanm yo patisipe nan gwoupman. Li fè gason yo konnen san fanm yo, yo pa kapab konbat eksplwatasyon k’ap fèt nan pwodiksyon yo, patisipe nan pwodiksyon agrikòl, transfòmasyon. Se yo menm ki vann epi yo se motè nan pwosesis la.
Anplis, fanm yo plis nan popilasyon an. Pyès chanjman pa posib nan peyi a san patisipasyon fanm yo. Yo dwe fòme, edike, sansibilize pou yo pran konsyans sou reyalite y’ap viv la epi patisipe avèk gason yo nan pwosesis chanjman sosyal la.
Atik 13 nan estate MPP a, fanm ak gason yo dwe gen menm dwa nan MPP. Fanm yo pa dwe sou dominasyon gason yo.
Malgre nan estati MPP a, fanm ak gason dwe gen menm dwa men pwosesis entegrasyon ak patisipasyon fanm yo nan mouvman an te toujou lan.

Yon aboustisman konkrè

Premye gwoupman fanm nan pran nesans nan MPP nan lane 1980, 7 ane aprè se fòmasyon 2 premye gwoupman MPP yo.
Nan Papay, se te yon modèl kote te genyen 22 fanm ki te gwoupe yo. Nan lane 1981, 2 lòt gwoupman fanm vin fonde : gwoupman Pèseverans nan lospalis , yon zòn nan 3èm seksyon nan komin Ench ak gwoupman devre nan zabriko 1è seksyon jwanarya komin Ench. Se te Childérick PLACIDE, Jean Mirassain Kernizan ak Fostin FLORELUS, 3 animatè ki te bay gwoupman sa yo fòmasyon.
Nan moman sa a, fondatè MPP a te vle chwazi kèk fanm pou ba yo fòmasyon pou vin animatris. Men pat gen yon fanm nan gwoupman yo ki te fini klas prime yo, nivo pi ba pou yon moun swiv fòmasyon sa a. L’al chache yon jenn fanm ki rele (Juliane) ki te soti nan nòdwès nan premye tan, yon lòt jenn fanm ki rele (Inedette St-Fleur) nan yon 2èm tan pou swiv pwogram fòmasyon animate, animatris la. Yo rete nan zòn nan aprè fòmasyon yo pou yo travay ak gwoupman fanm yo, fòme lòt gwoupman fanm. Aprè Juliane ale yon lòt animatris soti nòdwès vini ankò.

Gwoupman fanm yo vin ap grandi tanzantan. Premye animatris yo fòme ant 1981 pou rive 1986. Nan ane 1989, MPP òganize premye kongrè fanm nan MPP. Mouvman fanm sa a, se yonn nan pilye MPP yo li bò kote mouvman jèn MPP a epi gwoupman gason yo ak gwoupman ki gen ni fanm ni gason sa vle di gwoupman miks.

Wè tou