Evalyasyon anyèl MPP demare ak yon mistik nan Sant Lakay MPP jounen vandredi 18 Desanm 2020 an nan lide pou evalye aktivite ki te planifye pandan ane a, reflechi sou kèk tèm enpòtan ke manb ekip la dwe konnen epi planifye pou ane 2021 an kote plan anyèl sa dwe divize an 4 trimès. Nan evalyasyon sa, genyen anviwon 80 moun ki soti nan 13 Komin nan Depatman Sant lan ki konpoze gran ekip MPP a. Evalyasyon sa ap dire 5 jou e kap fini ak Nwèl MPP kap fèt 22 Desanm 2020 an.