Sitou nan dènye ane sa yo, kote tè yo pa vle pwodwi manje ankò. Se pou rezon sa a, Raymond LOUIS, yon jèn (Ing. Agronome, Zootechnicien) epi kòdonatè sektè elvaj nan MPP “ankouraje tout moun pou rantre nan domèn elvaj la paske se yon aktivite ki rantab, malgre sa mande anpil envestisman lè ou apèn ap kòmanse. Pa kont, elvaj la gen yon karaktè ekonomik, sitou elvaj kabrit la. Nou pwodwi kabrit ki bay anpil vyann, nou amelyore ras kreyòl yo avèk bouk “BOER” ki se yon ras pou vyann. Nou te kòmanse ak aktivite sa a an oktòb 2014 avèk 149 kabrit, men jounen jodia nou genyen 281 kabrit san konte sa nou vann ak ti piti ki mouri swa pandan y’ap fèt, swa aprè yo fin fèt”.