CHANJMAN VERT.

KLOTI PWOJÈ : VALORISATION DE L’EFFORT PARTICIPATIF DES CITOYENS POUR UNE MEILLEURE GESTION DES RESSOURCES NATURELLES DU TERRITOIRE.

Pwojè sa ap ekzekite pa yon konsòsyòm ki genyen MPP (Mouvman Peyizan Papay) ak MLAL (Progetto Mondo Mlal). Vandredi 1e Jiyè 2022 a, plis pase 70 delege ki genyen otorite lokal ak kèk reprezantan biwo dekonsantre yo nan depatman an, reprezantan MLAL, reprezantan MPP, Delege divès Òganizasyon Fanm ak manb rezo OCB yo (Òganizasyon Kominotè Baz) reyini nan Sant Nasyonal Fòmasyon Kad Peyizan yo : LAKAY nan Papay pou klotire pwojè sa ki tap ekzekite nan 35 seksyon kominal ki nan 13 komin nan depatman Sant lan Pou demare aktivite sa, Agwonòm Mulaire Michel pran lapawòl pou fè yon mizankontèks yon fason pou eksplike poukisa Konsosyòm MPP-MLAL la fikse dat 1e jiyè 2022 a pou klotire ofisyèlman pwojè Chanjman VERT a pou mete fen nan pwogram nan. Yonn nan objektif Konsosyòm MPP/MLAL la pou mete aksan sou dat 3 jiyè a, kòm dat ki dekrete « Jounen mondyal san sak plastik ».Yon dat ki trè siyifikatif pou Konsòsyòm lan paske li kadre ak aks prensipal pwojè a ki chita sou «Lit kont rechòfman klima ak pwoteksyon anviwònman », travay sa mennen kont move jesyon dechè plastik epi transfòme dechè plastik ki pa itil yo an pwodwi itil Agwonòm nan atire atansyon asistans lan sou dekorasyon sal seremoni an ki fèt ak pwodui transfòme ki sòti nan dechè plastik tout kalite. Se nan pèspektiv sa dirijan yo jije nesesè pou yo pwofite okazyon dat 3 jiyè a pou mete yon bout nan pwojè Chanjman VERT a. Agwonòm Mulaire pwofite okazyon sa ankò pou li salye diferan reprezantan ofisyèl, reprezantan otorite ki nan pouvwa lokal yo ak reprezantan Konsòsyòm MPP-MLAL youn aprè lòt, mesye Chavannes JEAN BAPTISTE ak Marco DECESARI ki prezan nan sal la pandan gwo seremoni kloti a. Agwonòm lan pwofite di diferan benefisyè ki prezan nan sal seremoni an ak sila yo ki pa jwenn chans patisipe men kap tande atravè Radyo VWA PEYIZAN (RVP), fè yo konnen gen yon seri aktivite kap kontinye jis rive dènye jou mwa jiyè a nan tout 13 komin yo ki nan depatman Sant lan.

Aprè mizankontèks la, Mèt seremoni an Mesye Cherilin Pierre Antoine kontinye ak pwogram seremoni an. Li pase pawòl la bay reprezantan PROGETTO MONDO Mlal) mesye Marco DECESARI ki salye tout otorite lokal yo ki te pèmèt pwogram nan rive jwenn benefisyè yo, epi li pwofite voye yon gwo kout chapo bay tout dirijann MPP yo ansanm ak Ekip pwojè a ki reyalize tout sa ki te nan dokiman pwojè a malgre kontèks trè difisil peyi a andire pandan period sa. Se gras ak MPP epi otorite lokal yo ak volonte benefisyè yo ki sou teren yo ki te fasilite travay la rive fèt san pwoblèm. li kontinye eksplike Ayiti se yonn nan peyi nan rejyon an ki plis touche nan nivo anviwònmantal, gen gwo nesesite pou popilasyon an pran konsyans sou kesyon chanjman klimatik la, fòk otorite nan leta a sispann fè politik sektoryèl men yo dwe poze pwoblèm anviwònman an ki souvan lakoz gwo katastwòf natirèl.
Se konsa kòdonatris pwojè Chanjman VERT a Madam Juslène Tyresias rapouswiv kote li salye diferan otorite ki te prezan nan sal la, diferan dirijan rezo ak òganizasyon fanm yo nan kominote yo ki kontribye nan reyisit aktivite yo. Kòdonatris la eksplike diferan pwoblèm ki lakòz kèk pèsonalite pa prezan nan seremoni an. Reprezantan Inyon Ewopeyèn pa ka prezan akoz ensekirite kap brase bil peyi a, gen kèk delege ki pa ka rive akoz wout la bloke.

Mèt seremoni an te pase lapawòl bay yon manb ASEK 3yèm seksyon ki an menm tan manb komite sitwayen Papay/Basen Zim Mesye Audulong Sylveste, ki eksprime satisfaksyon l sou pwojè a paske li di avan travay sa peyizan yo pat konn tande pale kesyon chanjman klimatik ni yo pat enplike nan Aksyon pou pwoteje anviwònman yo. Se gras ak pwojè Chanjman VERT sou teren an, nan lokalite yo moun yo ap rive konprann reyalite sa. Selon reprezantan komite sitwayen an se gras ak fòmasyon Chanjman VERT benefisyè yo te rive jwenn nan kominote yo ki fè ti machann yo te vin konnen ale nan mache ak panye pou achte sa yo gen bezwen se yon nesesite. Jounen jodia medam yo ale nan mache ak 2 men yo sou pretèks yap jwenn sachè nwa achte pou pote kichòy yo sot achte a. Men fòmasyon ki fèt nan pwojè Chanjman VERT a montre tout moun sachè plastik nwa sa yo se yon pwazon non sèlman pou anviwònman men sou lavi yo tou paske souvan medam yo sèvi ak yo pou toufe manje. Reprezantan komite a tap eksplike pwojè Chanjman VERT ede plizyè jèn ki pat ko jwenn chans aprann yon metye gen posiblite transfòme dechè plastik sa yo an pwodwi itil andedan kominote yo.

Mesye Pelomène Jean, KAZEK seksyon Riaribes nan komin Bèladè salye travay MPP ap fè nan tout komin ki nan depatman Sant lan. Kazèk la felisite travay pwojè Chanjman VERT ap fè kont dechè plastik ak transfòmasyon dechè yo nan tout komin ak seksyon kominal yo. Kazèk la di fòk gen bonjan pledwaye ki fèt nan tout peyi a pou popilasyon an sispann brile dechè plastik sa yo, yon bagay ki reprezante yon gwo danje sou lavi an jeneral. KAZÈK la di si otorite yo pa fè yon previzyon depi jodi a pou rive nan lane 2050 nou pap ka viv sou bout tè sa paske tout popilasyon an fè pati lanati si nap kontinye detwi lanati se pwòp tèt nou nap detwi. Reprezantan meri komin Sodo a eksplike kijan pwojè sa byen rive nan komin nan. Jounen jodia si nou vle pale reyèlman sou kesyon Chanjman VERT fòk gen plantil ak semans ki rive jwenn popilasyon Sodo a. Paske peyi a riske pase anba gwo siklòn fòk gen preparasyon ki deja fèt nan kad pwoteksyon anviwònman an. Li pwofite salye gwo kokennchen gason sa :Chavannes Jean-Baptiste pou bèl travay lap kontinye fè nan depatman an.

Reprezantan direksyon depatmantal agrikilti pran lapawòl epi mande tout moun ki nan asistans lan pou kanpe pou salye “Chavannes JEAN BAPTISTE” pou travay lap fè andedan kominote yo. Li di Chavannes deja fòme plis pase 2 jenerasyon moun. Gras ak MPP anpil òganizasyon nan Sèka kavajal prèske tout peyizan yo jwenn anpil plantil, pepinyè ak semans pou fè jaden. Li di gras ak pwojè Chanjman VERT a popilasyon an aprann anpil bagay. Reprezantan Ministè agrikilti a mande responsab pwojè a pou yo ta kòmanse vilgarize dokiman plan priyorizasyon an ke pwojè a pwodwi a ki dwe miltipliye, distribye pou sèvi yon zouti enpòtan nan kad swivi pou kominote yo, li mande pou chak biwo kazèk ak meri yo ta gen yon egzanplè.

Nan moman Mesye Chavannes Jean-Baptiste pran lapawòl kote li salye tout dirijan ki sòti nan Komin yo, nan sekyon kominal yo ak tout lòt aktè reprezantan MLAL ki te prezan nan sal la. Pou te fini ak seyans salitasyon yo lidè peyizan an te salye kòdonatris pwojè Chanjman VERT a ak tout ekip pwojè a ki fasilite reyisit pwojè a nan tout depatman an. Fondatè MPP a te pwofite okazyon seremoni kloti Chanjman VERT a pou di menm si li pat prezan nan chwa non pwojè a, men li jije non an te byen chwazi paske li makònen ak reyalite mondyal la fas ak anviwòman an. Fondatè MPP a di malgre nan moman sa yo kontèks la trè difisil men Konsòsyòm lan rive jwenn anpil siksè nan ekzekisyon pwojè a, yo rive reyini tout aktè yo nan lokalite yo. Pòt pawòl MPP a salye solidarite chak KAZÈK ak AZÈK nan fason yo kolabore pou fè pwojè a reyisi nan lokalite yo, menm si Konsòsyom lan te jwenn kèk difikilte. Li salye kolaborasyon Mlal nan non tout ekip MPP a, Li souliye se pa premye travay 2 enstitisyon sa yo mennen ansanm sou teren an.

Pòt pawòl MPP a te fè yon kout je sou kesyon pwoblèm kap brase bil anviwònman an, jounen jodia kesyon jounen mondyal anviwònman gen 50 lannen. Pwoblèm anviwònman an vin pi grav ak rechòfman klimatik la ki se rezilta movè jesyon planèt la, rezilta miltinasyonal kap detri planèt la pou fè pi plis lajan chak jou. Jodya pakèt gaz pwazon, dechè plastik, deforestasyon mete Lavi an danje sou planèt la. Lagè Larisi ap fè ak peyi Ikrèn lan gen konsekans sou anviwònman an paske gaz pa kapab sikile tankou anvan. Anpil peyi ki tap fè jèfò pou soti nan itilizasyon chabon kòm sous enèji retounen nan pratik sa kap detri anviwònman an. Pòt pawòl MPP a fè yon ti pale sou kesyon biyodivèsite a ki an danje ak disparisyon anpil espès plant ak zwazo tankou kolibri, zòtolan sou tout lakou. Pa gen sa ankò. Non sèlman zwazo sa yo pa jwenn pye bwa ankò paske yap koupe pye bwa pou fè chabon epi ki kreye yon lòt konsekans sou sous dlo nou yo kap disparèt. Li fè yon kout je sou kesyon koneksyon ki genyen ak tout peyi nan mond lan jounen jodia, si nou pran egzanp KOVID -19 la kijan pandemi an mache sòti nan yon kontinan ak yon lòt kontinan avèk fasilite. Chavannes tap esplike nan ki dimansyon dechè plastik ap fè ravaj nan planèt la espesyalman nan peyi Dayiti. Li fè konnen MPP pèdi 300 kabrit ki mouri nan manje sachè plastik.

Finalman kòdonatris pwojè Chanjman VERT la Juslène Tyresias prezante reyalizasyon, rezilta pwojè a ak difilkite yo te jwenn nan ekzekisyon pwojè a sou teren an. Kòdonatris la bay siyifikasyon non pwojè a sitou sig « VERT » a. Kòdonatris la te esplike konsekans pwoblèm sosyopolitik peyi Dayiti sou demaraj pwojè a pliske leta ayisyen te sòti yon dekrè pou 10 moun pa reyini epi respekte prensip 1,50 mèt chak moun, sa rann Konsòsyòm nan pat ka reyini ak benefisyè yo sou teren an, se rezon sa ki koz pwojè a te demare ak yon kanpay sansibilizasyon kont COVID-19 la. Aprè sa Mesye Elias ki responsab rezotaj nan ekip pwojè a entèvni kote li fè yon analiz detaye sou fòs ak feblès, menas ak opòtinite pwojè Chanjman VERT a nan kad ekzekisyon pwojè a. Entèvenan an eksplike travay ki rive fèt nan lokalite yo espesyalman fòmasyon rezo fanm yo sou kesyon transfòmasyon dechè plastik ak fòmasyon ki fèt pou 40 patisipan ki se jèn fi ak fanm. Kòdonatris la di pwojè a rive touche plis pase 35% nan popilasyon depatman Sant lan ak yon pousantaj 20% fanm. atravè 13 asanble kominal epi nan 35 atelye replik nan 35 seksyon kominal depatman Sant lan.


Aktivite seremoni kloti a fini ak yon konferans pou laprès kote kòdonatris pwojè a Madam Juslène Tyresias bay tout detay sou ekzekisyon pwojè a tankou :
a) Kanpay sansibilizasyon ak distribisyon materiel COVID19 nan tout depatman Sant lan
b) Dyagnostik tout rezo kominal, seksyon kominal, òganizasyon ki pa manb rezo ak otorite lokal yo (KAZEK, AZEK, Meri)
c) Fòmasyon 80 benefisyè sou rechòfman klimatik ak pwoteksyon anviwònman
d) 35 atelye replik vilgarizasyon PNCC a
e) Fòmasyon 40 jen ak fanm sou jesyon, tri ak transfòmasyon dechè plastik
f) Apui teknik ak DDA-C epi DDE-C nan kad reyalizasyon tab sektoryèl yo nan depatman an
g) Elaborasyon plan priyorizasyon depatman sant lan
h) 35 atelye replik plan priyorizasyon an
i) Lansman ak reyalizasyon 23 mikwopwojè kaskad nan depatman
j) Ranfòsman kapasite 13 rezo kominal yo sou plan administrativ,
oganizasyonèl ak achivaj

Kòdonatris la di laprès pwojè Chanjman VERT a reyalize gras ak apwi finansye Inyon Ewopeyèn pou yon montan 550.000 ewo, a wotè 90% nan lajan sa epi konsòsyòm lan pote 10% finansman ladan l nan kad pwojè a, Konsòsyòm lan finanse 23 mikwopwojè kaskad pou 200. 000 ewo epi 350.000 ewo itilize pou kesyon fòmasyon, vilgarizasyon, difizyon ak ranfòseman kapasite. Satisfaksyon Konsòsyòm lan eksprime klèman.

Portfolio

Wè tou